Oryentasyon seksyèl
Orientation seksyèl yon moun se idantitel li defini ki moun ou ye,li fèw konnen preferans ou sou zafè lanmou avè sèks...Pou anpil moun kap panse yo di li se yon chwa men pou mwen, mwen di ke yon moun fèt tou konsa,se pa li ki ta vle chwazi men se nan nature moun nan li ye;
par exemple lesbiennes yo lèw bien konnen yo wap konnen gen :stud,stem and fem,ou pap janm twouve yon stud gen style feminine,menm lè li te timoun wap toujou remake ke li gen panchan pou bagay gason,se pa li ki te vle konsa. O.S(Oryentasyon seksyèl ) se yon bagay ki fasil pou viv map dil pou moun ki etewo, li fè yon ti konplike pou moun ki fè pati de kominote LGBT+ lan sitou Haïti,kote moun ap rabasew pou sa ou ye e non pou sa yo ta anvi ou ye an. Lè yon moun etewo li fyè pou li di wo et fò ke li renmen yon sexe opoze men lè yon moun byen
Lesbienne,bi,trans...toutan li poko finn gen konfyans nan li, li poko ap janm soti nan klosèt li paske li konnen sa kap tann li deyò a, la plipa gen ti lespri,yo pa janm pran konsyans de réalité an. Lè yap gade porno lesbian yo enjoy li ,yo mastibe,yo renmen sa men kon se moun ki nan entourage yo ki lesbiennes yo twouve sa se yon move bagay gen yon bagay ankor se ke yo renmen di moun "Masisi" pou joure. Donc O.S yon moun pa yon chwa,sa ka rive ke pandan jenès yon moun li te ka panse li renmen sexe opposé aloske pi devan li pral aprann ke li renmen ni fiy ,ni gason or yon moun ki gen menm sexe avèl. Pou bagay kote moun ap di ke manzè te pran kou nan yon gason li deside vire nan bò fiy ,pou li fwote ,pa janm kwè nan bagay konsa. Jodia ou ka atire pa yon gason epi demen ou aprann ke se fiy ou renmen.
Menmsi oryantasyon seksyèl lan ta va yon chwa nenpòt sa moun lan chwazi Fòk ou respectel.
👏👏
RépondreSupprimer👏👏👏Mmy love
RépondreSupprimerThx b
RépondreSupprimerMes félicitations Nessa !!
RépondreSupprimer